ACTUALITES

Yon minit Digicel koute plis pase 16 goud , plan yo ogmante chak jou, ORDEDH ak sitwayen yo revolte

ONM

Òganizasyon Pwomosyon ak Defans Dwa Fondamantal yo, ORDEDH) anonse Yon sit-in pou madi 7 jen 2022 a devan konpayi telefòn Digicel, pou di non ak ogmantasyon pri minit ak plan Digicel yo .

Nan Yon nòt li mete deyò , òganizasyon sa a di li konsatate ak anpil emosyon zak malonèt konpayi telefòn fè sou kliyan li yo pandan dènye jou sa yo.ORDEDH atravè komisyon sou dwa konsomatè li, di li remake depi plizyè lane, enstitisyon leta a, CONATEL ki la pou regile sistèm telefonik lan nan peyi a fayi ak misyon li, paske li pa janm pran pozisyon sou ansanm abi popilasyon an ap sibi anba men eksplwatè sa yo.

ORDEDH kondane konpòtman konpayi DIGICEL ki daprèl pwofite kriz politik peyi a, pou ogmante frè sèvis yo ak 179%, nan yon kontèks kote leta a pa manifeste prezans li sou okenn fòm. ORDEDH kwè yon zak konsa pa dwe rete san okenn aksyon pa poze, fòk tout popilasyon an ini avèk yon sèl vwa pou di NON, SeTwòpAtò.

Òganizasyon Pwomosyon ak Defans Dwa Fondamantal l yo pwofite okazyon an pou envite konsomatè yo nan yon sit-In l’ap òganize douvan DIGICEL demen madi 7 JEN 2022, apati 10è nan maten, pou rele chalbare dèyè sa li rele piyajè kap anrichi tèt yo mal nan peyi a, pou di fòk sistèm peze souse a kaba.

ORDEDH rekòmande
ak ministè komès ak endistri, MCI pou kreye bonjan mezi pou mete an plas nan peyi a, yon kòd sou zafè dwa konsomatè yo, pou popilasyon san defans lan sispann viktim zak maspinay.
Yon lòtbò òganizasyon an mande komisè gouvènman an pou li bay swit ak ansanm plent ki depoze pou konpayi telefoni yo yon fason pou popilasyon an kapab jwenn jistis.